: Tribi Diferan
carlain Monescar vwa dous akonpayman.
Vè 1
Trop rayisans nan mitan nou
Nou pa vle wè frè nou
nou pa sispann fè vyolans sou frè nou
jiskilè nap rive antann nou
Nou bay jalouzi plis valè
Pase lanmou ak respè
Nou bliye ke nou se menm san
Kap koule nan venn nou chak jou
Refren
Nou soti nan tribi diferan
Men se sèl Ayiti ki rele nou frè
Si nou pa mete tèt ansanm
Nou pap janm soti nan lanfè
Rayisans ap touye lespwa
Ipokrizi ap brile limyè
Ann sonje nou se yon sèl ras
Malgre nou gen anpil chimen pase
Vè 2
Li difisil pou n’ antann
Chak moun kwè se li ki gen verite
Nèg plato pa renmen nèg bò lanmè
Tout se manti, tout se mechanste
Men eske w sonje zansèt nou yo?
Yo te mete men pou kraze chenn
Yo pa t mande kiyès ki soti Gana
Oswa kiyès ki sòti Benen
Refren
Nou soti nan tribi diferan
Men se sèl Ayiti ki rele nou frè
Si nou pa mete tèt ansanm
Nou pap janm soti nan lanfè
Rayisans ap touye lespwa
Ipokrizi ap brile limyè
Ann sonje nou se yon sèl ras
Malgre nou gen anpil chimen pase
Pòn
An n sispann mete dife sou dife
An n bati sou sa ki ini nou
Depi lontan yo te vle nou divize
Se tan pou n chanje vizyon nou
Refren Final
Nou soti nan tribi diferan
Men se sèl Ayiti ki rele nou frè
An n mete kè ansanm pou n rebati
Yon peyi kote rèv pa mouri
carlain PROD-MUSIC
carlain PROD-MUSIC