Jodi a m ap pale nou de yon fanmi,
Pa panse se fanmi nòmal, se yon komedi!
Gen moun ki dous, gen moun ki cho,
Gen moun ki konn taye twal lè yo di yo pa gen tan pou sa!
Gen moun ki renmen karese,
Gen moun ki renmen fè bagay an kachèt,
Gen moun ki di yo rezève,
Men je yo konn pale pi rèd pase bouch yo!
Mizou se manman an, li cool, li saj,
Li byen kanpe, li toujou sou gad!
Mwen retire kò m, mwen pa antre nan dosye a,
Pou m vin papi Mizou? Frè m, mwen pa pare pou travay sa!
Paske lè yon fanm gen klas konsa,
Ou pa jis antre nan kay la…
Ou bezwen konnen si kontra a gen garanti!
Douceur se matant ki pi gaye,
Lè li rive, tout bagay kòmanse bouyi!
Li ka lave yon moun nenpòt moman,
Men si li kòmanse taye twal… pa mande m kiyès ki te bay li sizo a!
Li konn fè bagay ak pawòl li,
Li konn fè bagay ak je li,
Li pa bezwen manyen w pou w santi chalè a,
Yon ti souri sèlman… epi tèt ou deja nan vakans!
Mayouyou se bèl ti fanm, li byen kanpe,
Lè l ap pase, menm je ki fèmen konn louvri!
Bel fòm, bel tete wonn, bel souri,
Men pa pwoche twò pre si w pa pare pou piman an boule!
Li ka dous tankou siwo,
Men apre de segonn li vin piman!
Yon gade li ba w, ou bliye non w,
Yon ti souri li fè… ou kòmanse taye twal nan imajinasyon w!
Se pa tout piman ki bezwen dife,
Gen kèk ki deja fèt cho depi nan jaden
Bianca!!!Non… mwen pap pale!
Paske Bianca se moun ki rezève.
Li pa di anpil, li pa bay detay,
Men gen kèk bagay mwen ta renmen pataje avè l…
M ap kite rès la anba silans!
Paske gen moun ki sèvi ak bouch yo pou pale,
Bianca sèvi ak je l pou fè konvèsasyon.
Yon gade agoch, yon gade adwat…
Ou deja ap mande tèt ou si se pa yon envitasyon!
Men m ap kenbe sa pou mwen,
Paske se yon dam rezève…
Epi mwen menm tou, mwen konn fè silans!
Geraldine se pati cool fanmi an,
Li pa prese, li pa fè bri.
Men lè anbyans lan monte,
Li konnen kijan pou l mete mizik sou lavi!
Li pa bezwen taye twal,
Li konn taye tansyon!
Yon ti blag, yon ti souri,
Epi tout moun nan fanmi an jwenn bon vibe!
Bryan se poto mitan fanmi an,
Se ekip mwen, se frè m!
Lè gen fèt, Bryan la,
Lè gen pwoblèm, Bryan la…
Men lè yo kòmanse pale de taye twal,
Bryan konn disparèt tankou Jose ak lajan an!
Bryan se poto a,
Men pa mande m ki twal yo pral taye sou poto a!
Jose se lajan pèdi fanmi an,
Kòb la antre… li pa janm soti menm kote!
Nou di: “Jose, kote lajan an?”
Li di: “M ap regle bagay yo.”
Ki bagay?
Ki moun?
Ki twal?
Ki sizo?
Nou pa konnen!
Men yon bagay sèten:
Si gen yon fason pou fè kòb disparèt,
Jose deja konnen teknik la!
Anise sove lavil, li pran distans,
Li kite fanmi an ap mande prezans!
Nou rele l: “Anise, kote w ye?”
Li di: “Mwen byen…”
Nou di: “Ou pral tounen?”
Li di: “N ap wè…”
Depi li pati,
Nou pa konnen si li