A senkantan, gen kèk bagay ou pa dwe kontinye fè menm jan ak lè ou te gen ventan. Kò a ap voye siy depi lontan lè li bouke.
1. Sispann travay san repo
Kò ou bezwen plis repo ak rekiperasyon pase anvan.
2. Sispann neglije dòmi ou
Yon bon dòmi ede kè, sèvo ak tout kò a rete an sante.
3. Sispann manje nenpòt bagay nenpòt lè
Manje twòp sik, grès ak sèl ka pote anpil pwoblèm sante.
4. Sispann pote tout chay la poukont ou
Aprann mande èd epi pataje responsablite yo.
5. Sispann inyore siy kò a ap voye
Doulè, fatig, tansyon ak lòt sentòm yo se avètisman pou pran swen tèt ou.
Refleksyon:
A 50 tan, objektif la se pa fè plis pase tout moun, men se viv pi byen, pi saj, epi pran swen sante Bondye ba ou a. Lè kò w ap di ou li bouke, koute li. Paske sante se youn nan pi gwo richès ou genyen.