Mon fis jodia map pwofite poum diw kem renmenw
C ou ki fèm konn definisyon lanmou avanm te konn wèl ekri. Mwen paka tann ou grandi poun selebre. Malgre ou fèm kriye ,men ou pote bonè.
Mwen renmenw, mwen renmenw mwen renmenw Ritchsòn
Ou se sèl moun ki baw lavim sans,
Pi gro kado map bezwen nan menw se karaktè paske sa pa likide nan mache.
Mwen renmenw, mwen renmenw mwen renmenw Ritchsòn.
Mwen viv tout sam te konn wè nan televizyon pou ou. Depi se pou ou prè poum sakrifyem.
Mwen renmenw mwen renmenw mwen renmenw Ritchsonn.
Jodia mwen paka rete frèt paskew chofe kèm, ou banm lanmou kem pat menm espere
Mwen renmenw, mwen renmenw mwen renmenw Ritchsonn.
Gen de moman kem pap janm bliye nan lavim tankou nesans yon gwo potorik gason ki se Ritchsòn ,ki tap vin chanje vim
Ki tap vin bay tout efò mwen yo sans nan tout sans
Happy birthday,happy birthday, happy birthday Ritchson ooo happy birthday.
Mwen paka rete endiferan poum swetew ke chemen laviw chaje limyè, santé,lajwa, prosperite ak bonè
Happy birthday, happy birthday, happy birthday Ritchsòn ooo happy birthday.
Lanmou mwen pou ou ap rete endestriktib, paskew pote tout sak bay lavim sans
Se pa yon chans poum genyenw
Paskew se tout sam te manke poum konplete
Pi gro rèv mwen se fyè de Papaw lèw gran
Happy birthday, happy birthday, happy birthday Ritchson ooo happy birthday
Pote kado, pote chanpay
Chandèl limen nan kat kwen
Se tout moun kap di Ritchsòn pran pleziw net ale
Happy birthday, happy birthday, happy birthday Ritchsòn ooo happy birthday.