Mon fis jodia map pwofite poum diw kem renmenw
C ou ki fèm konprann definisyon lanmou , avanm te sèlmanm konn wèl ekri. Mwen paka tann ou grandi poun selebre, poun fete poun vin ere
malgre ou fèm kriye ,men ou pote bonè. Se ou ki dlo nan diven mwen. Tout sak fèm santi map viv
Mwen renmenw, mwen renmenw mwen renmenw Ritchsòn. Mennenm tribinal pou ou
Ak yon plent 3 vèsyon menm pa janm sou tansyon
Mwen pran zoklo pou ou
Mwen konn tout move moman pou ou.
Akizasyon yo pat piti
Men mwen pran kouraj
Yo imilyew pou yon lòt ki de pasaj. Mwen renmenw mwen renmenw mwen renmenw Ritchsòn
Ou se sèl moun ki fèm wè klè menm lè lavim parèt nwa
Pi gro kado map bezwen nan menw se karaktè paske sa pa janm likide nan mache.
Mwen renmenw, mwen renmenw mwen renmenw Ritchsòn.
Mwen viv tout sam te konn wè nan televizyon pou ou. Yo eseye monte fim men erezman aktè yo pa ak. Pran plezi nan bay manti se pa pale
Depi se pou ou mwen prè poum sakrifyem. Paske pagen sakrifis ki trò gran pou sove yon nasyon.
Mwen renmenw mwen renmenw mwen renmenw Ritchsòn. Ou te di wap protejel poutan daypèl se chak 24 trè, manje sale se pa pale. Kòman ou tap fè renmenl pandan kew pa renmen pwòp tèt ou
Pa kwè nan valè ou pagen okenn plan, olye ou ekspoze sak nan tèt ou ( si'w te gen) ou prefere ekspoze dèyèw.
Jodia mwen paka rete frèt paskew chofe kèm, ou banm tout move gou, men sa pap janm diminye lanmou gen pou zantray mwen.
Mwen renmenw, mwen renmenw mwen renmenw Ritchsonn. Si mo regrèt envante pou granmesi ou pap janm fè fas avèl. Depi a twa mwa li gentan ap bay kenbe pou mache pran pleziw. Kay koule tronpe solèy men pa lapli.