Mwen kite kay mwen, m kite fanmi, zanmim avèk yon rèv nan valiz mwen, paske yo di lavi lòt bò dlo se paradi….
Mwen pase Brezil, Chili, Nicaragua ,Chak kote, se menm mizè kap suiv mwen.
Mwen pran rout pou Mexico, mwen santi’m pèdi chimen. oblije nan fil papye paske se sa yo mande, si’m pa vle tonbe nan rakonte.
Paske’m pa’t vle ilegal
Gras ak sponsò yon zanmi mwen rive etazini, kote mwen dòmi anba pon, avèk dè moun ki pa pale menm lang avè’m, Chak jou se te menm mizè, menm lanfè, ak imilyason pou mwen se te yon doulè melanje ak yon bèl espwa,
paske’m te fi’n vann kay, vann machin, vann tout sa’m te posede.
jis pou’m pa’t ilegal.
Imigrasyon banm kat travay, kat manje, kat pou’m al lopital, t’ap viv pi bèl moman’m, te panse’m fin rive mwen siye zye’m pou’m wè si’m pa nan rèv, mwen sispann kouri san kay, san tè, san drapo, e san destinasyon. Di bondye mèsi pou paradi sila men genlè se yon konplo,
paske pou mwen mizè nou te fini.
Men’w di’m se ilégal.
Men kounyea rèv mwen ap goumen ak espwa’m nan kache tout jounen tounen granmoun k’ap kouri pou ice ice….. cream.
ohh bondye kisa nou fè n’ap peye,
poukisa nou fè espwa tout jèn nan peyi’m tounen yon paspò, yon paspò ki tounen yon chay….
Yon chay.. nou anvi depoze pou kache stati mwen ak idantite nou, Yon chay ki lou anpil anpil ki pote ale dinite nou, kote nou pèdi fyète nou.
Men sa pa vledi nou ilegal.
Wi nan Peyi nou tout jounen se kouri,
Lè nou chanje zòn nan pròp peyi nou, yo rele nou ilegal
Nou ale chili yo rele nou ilegal
Nou pase Nicaragua nou ilegal
Tonbe Brezil Nou ilegal
Nou pase Mexique yo rele nou ilegal
Ala yon pèp pagen chans ooo, Sanble nou fèt tou ilegal.
Èske se Paske deviz nou se, libèté - égalité - fratènité
Libèté
Èské libèté a fè yo panse fòk nou toujou nan kouri,
Égalité
Èske égalité n’ap mande a reprezante yon danje pou yo ki koz yo wè nou ilégal tout kote’n pasé,
Fratènite
Èske se fratènité a ki fè nou pa janm ka antann nou tout kote nou pase, nan viv chen manje chen, nan rayi frè nou konsa.
Men sa pa vledi nou ilegal
Woyyy ilegal ilegal
Mezanmim pa ilegal
Remèt mwen sekirite’m pou’m ale paske’m bezwen legal,
Wi ban’m sekirite mwen pou’m ale
Mezanmi gade yon konplo, yo fè’m vann tout sa posede pou’m vini etazini avèk yon bèl rèv, men’m rive kounyea tande mwen ilegal, men’m Pa’t vle ilegal.
Wi banm sekirite’m pou’m ale,
Nou pa bezwen tròp pou nou viv,
Depi’w remèt mwen sekirite’m mwen prale avèk fyète.
Ou pa bezwen pouse do mwen pou’m ale, remèt mwen sekirite’m mwen prale.
Mèsi paske’w ouvè jem,
Gade yon ilegal ki vini pou mwen oooo
BAN’m SEKIRITE POU WÈ SI’m p’ap Ale.
Ilegal ilegal
Nou pran nan konploooo, ilegal
Mezanmi ilegal ilegal
Oooo bondye konplo sa tròp pou nou,
Ilegal ilegal.
Remèt mwen sekirite’m, mwen di’w pou’m ale…..
Sekirite’m m’ap mande
Banmwen’l pou’m ale,
ou di’m U.S.A.I.D kraze peyi’m ebyen remèt mwen sekirite’m pou’m ale,
ma toujou vini vizite’w zanmi’m paske nou pa enmi,men’m pa’t vle ilegal.