Mwen fe mizik sa pou ou .(woodiana )
M konnen nan moman sa m manke w, M konnen nan moman sa ou tap anvi wè m kap souri
Ou tap anvi pran tan w pou gade m Ou tap anvi tande makap ri byen fò nan blag ou yo Ki pa konn toujou bèl, men ki te toujou fè m ri
Men tout sa yo...tout anvi sa yo se paske m pa la anko
Se iwonik pa vre?
Fason atitid mw, konpòtman'm ki pafwa konnen deranje w Vin tounen yon anvi
Mvin reyalize se pa janm mw ki pat bon
Se pa mw ki pat ase
Men m te tèlman aksesib,
ke efò m yo te vin envizib, prezans mwen te vin garanti, ou tap anvi m diw: mw la map tande w siw vle pale
Pandan mw menm nan silans pa'm,
M te konn bezwen moun pou m pale
Petèt m te renmen w plis ke tèt mwen
Petèt m te mete w sou yon pyedestal two wo
Petèt se mw ki te merite princess treatment yo
E si m pa la ankò,
Se pa paske lanmou an te fake,
Men paske m oblije panse ak mw
Ak sa m merite,
Ak sa m bay epi sa m resevwa
BTW, pran swen tèt ou