LET ME OUT 🎤
Intro
Yeah…
Nou pa janm konnen valè yon moun
Jiskaske nou pèdi l…
4 gwo sèvo san panse…
Yo te kwè se te jwèt
Men lavi pa jwèt non…
Let me out…
Let me out…
Couplet 1
Nan yon ti chanm nwa yo chita an silans
Je kole sou plafon, nanm yo pa an balans
3 jenn gason, yon fi, move plan nan tèt
Krim pafè yo vle fè, san remò san regret
Yo di : “Li twò cho, fòk nou fè l disparèt”
Paske chak mizik li lage fè vil la rete bèt
Jèn rapè sa te gen lavni nan men l
Bon vès, bon flow, limyè t ap klere sou chemen l
Li soti nan lari men rèv li te gran
Li t ap ekri doulè tankou se san
Chak pawòl li lage te geri moun andan
Men jalouzi fè dyab antre nan kè moun rapidman
Fi a leve je l anlè plafon kay la
Yon dlo tonbe dousman sou figi pa l la
Nan tèt li gen yon vwa k ap rele fò
“Let me out…” men li pa pale ankò
Refrain
Avèk mizik nou pa genyen signal
Kilè souf nou ap koupe brutal
Nou pèdi yon papa, yon frè, yon fanmi
Yon rèv ki disparèt nan mitan lannwit
Nou pa konnen kiyès yon moun te ka ye
Doktè, avoka oubyen prezidan demen
Yon bal retire tout espwa sa yo
Kounye a se silans sèlman nan radyo
Let me out…
Let me out…
Konsyans yo ap kriye
Men verite pap mouri non…
Couplet 2
Lannwit lan frèt, lapli t ap koule dous
Kendy soti estidyo, kas ekoutè sou kou l
Li t ap souri paske vès li te pwòp
Li pa t konnen lanmò t ap tann li two close
Yon kout zam fè lari a tranble
Rèv yon jèn gason tonbe atè brize
San koule sou beton tankou pawòl mizik
Yon lòt zetwal etenn anba move politik
Nan demen manman kriye devan pòt la
Zanmi l yo pa jwenn mo pou doulè sa
Bouji limen, foto kole sou mi
Tout katye a an nwa tankou syèl san lavi
Yo te vle fè krim ki pi propre a
Men konsyans pa janm kite moun anpè
Koulye a chak swa yo pa ka dòmi
Paske vwa sa toujou tounen nan lespri
Solo / Bridge
Ohhh…
Plafon an pale nan silans lannwit
Move aksyon kite mak pou tout lavi
Yon rèv tonbe…
Yon pèp kriye…
Let me out…
Let me out…
Refrain Final
Avèk mizik nou pa genyen signal
Kilè souf nou ap koupe brutal
Nou pèdi yon papa, yon frè, yon fanmi
Yon rèv ki disparèt nan mitan lannwit
Nou pa konnen kiyès yon moun te ka ye
Doktè, avoka oubyen prezidan demen
Yon bal retire tout espwa sa yo
Kounye a se silans sèlman nan radyo…
Let me out…
Let me out…
Yeah…
Krim pafè pa egzis