[Verse 1]
Se nan dòmi mwen kwaze w
De zye m tonbe sou ou
Depi jou sa a
Chérie
Lespri m pa jwenn repo
M pa sispann ap admire w
Jan w souri kraze m nèt
Ti mouvman ren ou fè
Fè kè m pèdi balans
[Chorus]
M tonbe pou ou
Telman m tonbe pou ou
Chérie
Lè m vin rete bò kote w
Map transpire
Tout kò m ap pale (oh yeah)
Lòloj mwen chavire
Tan kanpe lè w bò kote m
Atò m tonbe lap priye
Mande Bondje pou m ka posede w
[Verse 2]
Ou pase
M bliye pale
Lang mwen mare nan bouch
Yon ti manyen sou ponyèt mwen
Fè m bliye pwòp non m
Tout rèv mwen pran figi w
Tout plan mwen pran sant ou
Chak maten m leve
Mwen swete
Se ou menm k bò kote m
[Chorus]
M tonbe pou ou
Telman m tonbe pou ou
Chérie
Lè m vin rete bò kote w
Map transpire
Tout kò m ap pale
Lòloj mwen chavire
Tan kanpe lè w bò kote m
Atò m tonbe lap priye
Mande Bondje pou m ka posede w
[Bridge]
Si se pa ou
Ki pou mwen
Ki moun ki ka kalme m konsa?
Si se pa mwen
Ki pou ou
Di m
Ki lòt k ap veye sou ou konsa? (hey!)
[Chorus]
M tonbe pou ou
Telman m tonbe pou ou
Chérie
Lè m vin rete bò kote w
Map transpire
Tout kò m ap pale
Lòloj mwen chavire
Tan kanpe lè w bò kote m
Atò m tonbe lap priye
Mande Bondje pou m ka posede w