Loksidan melanjé ak politisyen bouda kaka!
Ak bandi sòt a sapat!
Ak bandi a vès dilè dwòg!
Ak boujwa machann peyi!
Politisyen ayisyen ki wè tèt yo sèlman ki pa gen enterè an ayiti nan konplo ak blan dyòl santi pou kraze peyi a.
Boujwa enpotatè kraze pwodiksyon agrikòl peyi a.
Jounalis machann micro ap fè pwomosyon pou gang.
Pòtoprens ak Petion-Ville redwi an Repiblik d'ayiti.
Tout rès peyi a, leta pa gen kontwòl yo
Tout depatman peyi dayiti dekonekte, yo sou kontwòl bandi.
Ayisyen pa ka vwayaje.
Bandi gen kontwòl tout peyi a.
Pa gen lopital pou malerèz.
Pa gen inivèsite.
Tout sèvo peyi a pati kite peyi a .
Lekòl ap mal fonksyone.
Anpil fanmi divize.
Viv ansanm pataje teritwa peyi a!
Sèl boujwa kaka ki ka fè enpòtasyon ak ekspòtasyon nan peyi a!
Dyaspora kontribye nan voye zam bay bandi!
Pèp ayisyen zonbifye!
Nou asepte bouché nen nou pou nou bwè dlo santi!
loksidan melanje ak politisyen bouda kaka!
Ak bandi sòt a sapat!
Ak bandi a vès dealer drog!
Ak boujwa machann peyi!
Nan ki salopri nou pran la mezanmi ?
Nou pran nan politichyen dyòl santi!
Nou pran nan boujwa pèpè !
Nou pran nan fo lidè ak bandi visye !
Ayisyen bezwen libète!
Ann fè yon dèy nasyonal pou zansèt nou yo!
Ann mete kilti nou an valè!
Sispan dyabolize vodou ayisyen.
Tout relijyon mete tèt ansanm pou nou sove Ayiti !
Ann leve kanpe !
Ann leve kanpe !
Ayiti pap peri!
Ayiti pap peri!
Marc Jeannot Estimable musique production...